Lè ou fokis sou yon pwoblèm, pwoblèm nan vinn pi gwo

Sèvo-a se
yon bagay ki ekstrèmman genyen yon pouvwa ki kapab literalman agrandi kèlke swa
sa li touche. Lè nap fè fas ak yon pwoblèm, yon baryè oubyen yon obstak,
tantands nou se nouri-l pou li vinn pi gwo. Trè souvan nou pale anpil de li.
Nou dekri-l e ba li koulè ki fwapan. Nou swiv li depwè e eseye kontwole pogrè-a
jou pou jou, imajine gwosè li ak efè li devaste plizyè aspè nan vi nou. Jeneralman
sa ke nou fè, se nouri pwoblèm nan e ba li yon anplè ke li pa merite.
Lè wap fè fas ak yon pwoblèm, ou dwe imedyatman retire
atansyon-w sou pwoblèm nan e fokis pito sou solisyon an. Nou kapab panse, pale
e vini avèk mèyè rezilta posib nan
konsantre egzakman ki kote nou ye, men pa kote nou panse nou ye.
Sajès Lakay, TRiboLAND






