Manifestasyon, barikad, deblozaj, kadav, piyaj, ensandi, krim ak peyi lòk: epi epi anyen!

0 463

Pòtopwens__(TRiboLAND) Apwè divès tantativ mobilizasyon ki pa rapòte reset; apwè konsta popilè ki mete an dout kredibilite ak kapasite swadizan opozisyon radikal la ki pat genyen oken lòt zam estrateji si non ke kadase, finalman yo jwe a lechèk!

Tout retrè ak chanje lèl sa yo afiche yon lòt fwa ankò yon swadizan opozisyon ki tradisyonèlman pa jamè genyen nan men l yon resèt altènativ ki sèten pou kondwi pèp la nan yon pò ki sèten. Sa pa etonan, kout gidon Reginald Boulos, André Michel, Youri Latortue, Evallière Beauplan ak divès lòt demagòg pwouve vilnerabilite yon opozisyon san non, san fondman, san tèt san pye, san kolònn vètebwal, san konviksyon, san reflèks men pito ki pi abil nan fè bwi pou okazyone pètibasyon piblik ak pwesipitasyon lanmò yon pakèt sitwayen inosan.

Fatig popilè, se yon lòt endis ki pwouve opozisyon radikal la pat genyen vrèman kolònn vètebwal. Tout sa esplike ke se pèp la ki te mèt mouvman leve kanpe yo. Konsa, lè yo te deside pou mete yon fwen nan yon seri dezobeyisans ki te senpleman ap antere yo pi plis san yon altènativ, swadizan opozisyon an tonbe an degraba fas a yon pouvwa ki aladeriv e ki pa artikile yon bonjan gouvènans “katye” pou nou pa di yon pwovens!

Se sèten, genyen anpil rezon pou pouvwa Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) a chante bèchon Jwaye ak Laviktwa paske finalman fòs demagòg la ki genyen anpil nan yo ki pral anpann chèf e sitou ki pat jamè netwaye non yo nan yon seri kabji ak dap piyanp nan bwat leta yo, oblije lage sa e pwostène devan Jovenel Moise.

Rekonsilyasyon sa yo ki pa fèt nan yon kad “detèminus istorik” e atravè yon pwojè sosyetal ki pou rebati nasyon an, pa sispann pwouve ankò ke Ayiti kontinye ap plonje nan pouriti ak inekzistans. Anplis, menas pouvwa a pou rapouswiv “pwedatè ekonomik” yo oubyen fè dap piyanp sou byen ak richès yon ti ponyen fanmiy ki souse peyi a, san konte pwesyon ak menas Wachenntonn yo oblije fè koulèv sèt tèt yo ki genyen yon grenn zanno kay òfèv, fè retrè e resite “C’est ma faute” ak “Le depart pour l’école, vas mon enfant au revoir.” Konsa, tout annafè sispèk ke sòs la ka koute pi chè ke vyann lan. Se mete ajenou li ye Tonton!

Se vre genyen yon akalmi an aparans ke anpil moun asosye avèk yon fòm repwesyon ki pa sispann miltipliye bò kote pouvwa a; se vre anpil jefò bwi sapat, fo sanblan ak ti pwogram tèt chat papa doudou ak manman cheri ki afiche yon gouvènabilite krizokal ki difisil pou moun jwenn nan Karaib la ap klewonnen; men sa pa vle di ke tout bagay ok avèk popilasyon tan numerik sa ki pa gen anyen ki rete ankò kòm dinyite anba lobedyans swadizan lidè politik awousa ki esteril an vizyon ou demagòg, eli ofisyèl kòwonpi ou apatrid e mal adwat ki toujou antann yo pou efondre ou ekstèmine tout yon nasyon.

Pandan nap rete tann menm ekip atoufè a ki pral benefizye pòs nan manmèl bèf la, ke lespwi zansèt yo ak tout inosan ki mouri nan dènye evènnman yo vizite e pote touman pèpetyèl nan lavi chak lidè krizokal ak atoufè konwonpi ki lage Ayiti nan nivo ki piba ke limanite pa janm konnen!

Jacob Bendalham, TRiboLAND

Leave A Reply