Moron : Yon gwo kamyon dis wou aksidante nan Mòn Elyanno

11 – 22 – 2026
Chanbelan, Ayiti _____ (TRiboLAND) Lapli kap tonbe sou depatman Grandans la, pa sispan mete gwo konstènasyon nan bonnanj sila yo kap bwase sou do kamyon nan boske lavi miyò atravè peninsil Sid la.
Antouka, se ka yon seri machann sara ki twouve yo jodi mèkredi 25 novanm 2026, enplike nan yon aksidan kamyon dis wou nan Mòn Elyanno nan komin Moron, akèlke kilomèt komin Chanbelan. Aksidan sila ki pa komèt dega anvi imèn, se rezilta tatinaj nan labou sou yon mòn, chak jou ki jou pa sispann fè dega.
Anpil nan peyizan yo, pa mete dlo nan bouch yo pou non sèlman lage responsablite aksidan sila sou direksyon TPTC ki se yon prezan absan nan depatman an, men ki totalman inyore yon seri wout ki menase lavi popilasyon an. Yo estime, moun swadizan ki repwezante bwat leta sila ki sèlman egziste nan Pòtopwens, se plis jwèt bebe lala li plis vinn jwe nan kanton an.






