Ensekirite : Lapolis arive mete an libète 3 ti lèzanj ki te kidnape nan Okay

14
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Sid peyi Dayiti anonse ke yo arive libere 3 ti negrès ki te kidnape 13 novanm 2026 nan zòn Chapantye nan Okay.

Kidonk aprè 10 jou anba men rezo kidnapè ki ap fè pale de yo nan peninsil Sid la, Juliette Factory, Naika Chery ak Emmanuella Pochette rive jwen liberasyon yo anba ladrès ak estrateji fòs lòd yo.

Nan sans sila, motif ou klarifikasyon zak kidnapping sila, toujou nan pasaj; sepandan, responsab ou otorite konsène yo kontinye ap fè bwas atravè plizyè anketè pou chèche detèmine ki gwoup malfektè ki dèyè yon parèy krim e trennen yo lajistis jan sa dwe fèt.

Share:

Leave a reply