Lapolis nan komisarya Tigwav, mare kou krab 2 prezime bandi Viv Ansanm.

44
0
Share:
TRiboLAND

11 – 21 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapolis nan gran komisarya Tigwav pwosede ak arestasyon 2 prezime manm gang Viv Ansanm jounen vandredi 20 novanm 2026 lan. Selon lapolis, 2 prezime manm gang sila yo, jwen arestasyon yo nan moman Lapolis t’ap fè yon fouy sou pasajè k’ap desan’n bato soti Pòtopwens.

Fòs lòd yo ta jwen an pwosesyon pwezime gang sangwen yo, 2 zam manch long ke yo konfiske nan komisarya a. Pou kounye a, bandi sapat yo ap reflechi nan gadavi komisarya Tigwav la annatandan yo al repon’n kesyon lajistis pou sa yo repwoche yo.

N’ap fè remake, depi lè sòlda salvadoryen yo tanmen ak yon seri entèvansyon pou kraze kay bandi kriminèl yo, lameri Tigwav nan tèt kole ak lapolis dote komin lan yon plan sekirite pou sekirize tout zòn yo, espesyalman waf la; nan lide pou fouye chak gren’n pasajè k’ap desan’n bato sou waf Tigwav la.

Share:

Leave a reply