233 ANE BATAY VÈTYÈ : FÒS SALVADORYÈN YO FRAPE KAY CHÈF GANG KANARAN AN, JEFF GWO LWA ; POPILASYON AN SALYE AKSYON AN

14
0
Share:

11/18/2026

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon operasyon ki soulve anpil reyaksyon nan mitan popilasyon an, fòs salvadoryèn yo frape kay Jeff Gwo Lwa, yon chèf gang ki opere nan zòn Kanaran, maten mèkredi 18 novanm 2026 la.

Aksyon sa a dewoule nan yon dat ki gen gwo valè istorik pou pèp ayisyen an, pandan peyi a ap komemore 233yèm anivèsè Batay Vètyè a, youn nan pi gwo senbòl rezistans ak viktwa nan listwa Ayiti. Aksyon fòs salvadoryèn yo jwenn anpil aplodisman bò kote plizyè sitwayen ki wè operasyon sa a kòm yon nouvo espwa nan batay kont ensekirite a.

Pandan plizyè ane, aktivite gang ame yo, ki lakòz anpil moun pèdi lavi yo, kite kay yo epi abandone aktivite ekonomik yo, kontinye rann lavi popilasyon an difisil. Nan kontèks sa a, Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, kontinye parèt kòm youn nan figi anpil Ayisyen ap gade avèk espwa nan batay kont fenomèn gang yo.

Pandan peyi a ap rann omaj pou zansèt yo ki te goumen pou libète ak endepandans li, anpil sitwayen estime moman an mande aksyon konkrè pou retabli sekirite ak diyite pèp ayisyen an. Sou rezo sosyal yo ak nan divès espas diskisyon, yon eslogan ap pran plis fòs nan mitan moun k ap reklame yon repons sevè kont gang yo: « Bukele, ba yo dwòn! » Yon mesaj ki tradwi nivo espwa popilasyon an, men tou, swaf li genyen pou l viv nan yon peyi kote sekirite ak libète pa yon privilèj.

Share:

Leave a reply