Plizyè 100 tèn elèv Lise Pinchinat nan Vil Jakmèl manifeste nan lari pou reklame pwofesè nan sal klas yo.

55
0
Share:
TRiboLAND

11/18/2026

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè santèn elèv Lise Pinchinat nan vil Jakmèl, depatman Sidès peyi a, manifeste nan divès ri jounen madi 17 novanm 2026 lan. Selon elèv pwotestatè yo, yo pran lari a, se nan objektif pou reklame anseyan nan sal klas yo. Konsa, yo tou pwofite denonse ensekirite ki lye ak gang kriminèl yo epi pote sipò yo bay twoup sòlda Salvadoryen yo nan kad batay y’ap mennen pou derasinen bandi yo ki reprezante yon menas pou chak gren’n ayisyen ak nan peyi a.

Elèv pwotestatè yo, ki te pakouri plizyè ri andan vil Jakmèl pat manke lanse gwo pawòl piman bouk kont Leta Ayisyen atravè minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonnèl la, doktè Vijonet Déméro yo di ki pa respekte pwomès li te fè ak anseyan yo. Liseyen ki deklare yo genyen yon mwa depi yo pa jam wè prezans yon pwofesè nan sal klas yo, aloske direksyon an prevwa òganize egzamen nan mwa desanm lan pou premye kontwòl yo.

Pi lwen, etidyan pwotestatè yo presize ke yo p’ap jam debarase lari a jiskaske minis edikasyon an, doktè Vijonet pa repon’n ak ansanm revandikasyon anseyan yo. Elèv Lise Pinchinat yo, swete minis ki pa genyen mo a, jwen yon antant ak anseyan yo prese – prese. Konsa, yo ap kapab retounen nan sal klas yo e kontinye resevwa kou yo jan sa te ye avan.

Liseyen yo konkli, ke li pa nòmal pou chak ane se menm chanson an, se menm refwen an, elèv Lise yo nan tout peyi a toujou nan lari ap reklame pwofesè nan sal klas yo. Pandan yo presize se yo menm pitit malèrèz ak malere k’ap toujou peye konsekans lan.

Share:

Leave a reply