LYCÉE ANDRÉ VIXAMAR : 10 PWEN NAN EGZAMEN DESANM POU CHAK ELÈV KI PATISIPE NAN JOUNEN NETWAYAJ LA

82
0
Share:
TRiboLAND

11/08/2016

Obè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwoup elèv nan Lycée André Vixamar ki trouve l nan Obè reyini jodi samdi 7 novanm 2026 la nan kad yon jounen netwayaj ak pwoteksyon anviwònman nan espas lekòl la, sou inisyativ Direktè a, Louis Dalles Dessentiel. Inisyativ sa a te pèmèt jèn yo mete men ansanm pou amelyore kondisyon ijyèn ak pwòpte nan anviwònman lekòl la. Daprè responsab yo, jounen sa a se yon fason pou sansibilize elèv yo sou enpòtans pwoteksyon anviwònman, pandan y ap ankouraje yo devlope bon abitid nan lavi chak jou.

Pou rekonpanse angajman ak patisipasyon elèv yo, chak timoun ki te pran pati nan jounen netwayaj sa a ap benefisye 10 pwen pou egzamen mwa desanm nan. Desizyon sa a antre nan yon demach ki vize ankouraje plis konsyans sitwayèn lakay jèn yo, pandan li mete aksan sou nesesite pou chak moun kontribye nan kenbe anviwònman li pwòp. Responsab yo fè konnen yo pa gen mwayen pou fè tout bagay yon sèl kou, men yo pran angajman pou kontinye fè efò ak ti mwayen yo genyen.

Nan menm sans lan, responsab yo fè konnen y ap travay pou rive mete ofisyèlman kou “Éducation relative à l’environnement” nan kourikoulòm Lycée André Vixamar la. Objektif la se pa sèlman fè elèv yo aprann teyori, men ede yo devlope bon pratik ak bon jan refleks pou pwoteje anviwònman an. Atravè inisyativ sa yo, lekòl la vle vin yon espas referans nan domèn edikasyon anviwònmantal, kote chak elèv kapab tounen yon aktè nan chanjman pozitif pou kominote li.

Louis Dalles ki frèchman enstale kòm Direktè a, kòmanse mete lavi nan Lise atravè bon jan inisyativ li deja kòmanse pran. Tout kolaboratè ak elèv yo deja santi van chanjman.

Share:

Leave a reply