Popilasyon Akayè a, arive enskri Kervenson nan pwogram bwakale a

234
0
Share:
TRiboLAND

11 – 06- 2026

Akayè, Ayiti _____ (TRiboLAND) Kervenson, se non yon bandi ki mouri nan bwakale anba men moun nan popilasyon komin Akayè a, nan lannwit jedi 05 pou louvri jodi vandredi 06 novanm 2026 lan.

Kervenson rive jwen lanmò li, nan moman yo te plizyè ki t’ap tante sove pou kouri kite kapital la pou rantre nan vil pwovens yo pou al kache. Se konsa, popilasyon an ki te deja an chimerik, pa t’ap dòmi ditou ditou; li arive mete men sou youn pami plizyè bandi e enskri li san pèditan nan pwogram BK a, ki vle di bwakale popilè.

Li enpòtan pou ou konnen, bandi sangwen kriminèl Kervenson se pitit Tigwav, li t’ap feraye nan baz Izo 5 Segon nan Vilaj Dedye. Konsa, anpil moun ankouraje sèktè lapolis ki pwòp la, fè dilijans ak pye sòl prese- prese, yon fason pou pa kite bandi yo travèse lizyè nan pran wout pwovens pou yo.

Nap raple, depi operasyon fòs salvadoryèn yo demare nan Laplèn, anpil bandi sangwen kòmanse jwenn men sòl pa yo, chak jou ki jou.

Share:

Leave a reply