Jij depè titilè tribinal jiridiksyon Tigwav la, resevwa yon lo materyèl ki soti nan CSPJ.

128
0
Share:
TRiboLAND

10 – 29 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Jij depè titilè tribinal jiridiksyon Tigwav la, mèt Roland Delva, nan yon antrevi ak laprès mèkredi 28 oktòb 2026 lan, deklare li resevwa yon lo materyèl ki soti nan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ) pandan week – end pase a. Jij Delva fè konnen nan lo materyèl sa yo, genyen 13 ban, 3 biwo, 3 klasè ak 5 so.

Mèt Roland Delva presize, lo materyèl sa yo li resevwa a, se yon bon pa nan yon bòn direksyon, li pral kontribye pou amelyore fonksyonman enstitisyon l’ap administre a. Konsa, li remèsye CSPJ pou don sila a. Pou li menm, tribinal la t’ap fonksyone nan yon sitiyasyon difisil depi après depa premye minis defakto a, Ariel Henry ki t’ap dirije peyi a.

Nap raple, tribinal depè jiridiksyon Tigwav la, pase anba dife plizyè fwa nan kad yon seri manifestasyon ki t’ap fèt pou egzije depa premye minis defakto Ariel Henry ak tout manm gouvènman an nan tèt peyi a.

Share:

Leave a reply