UPNOPP : Plizyè santèn jèn pran chans yo nan konkou admisyon pou ane akademik 2026-2027 la

103
0
Share:
TRiboLAND

10/28/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè santèn jèn te fè deplasman nan lokal Inivèsite Piblik Nòdwès la nan Pòdpè (UPNOPP), ki trouve l nan Obè, nan kad konkou admisyon pou ane akademik 2026-2027 la. Egzamen yo te konsène twa fakilte, ki se Syans Edikasyon, Syans Administratif ak Syans Agronomik. Atravè konkou sa a, plizyè jèn nan depatman Nòdwès la ak lòt zòn ap chèche jwenn yon plas nan inivèsite piblik la pou yo kapab kontinye etid siperyè yo.

Malgre difikilte kondisyon meteyowolojik yo te poze, sa pa t anpeche kandida yo fè deplasman pou yo patisipe nan egzamen yo. Pou kèk nan jèn sa yo, antre nan UPNOPP reprezante yon rèv yo ap pouswiv depi plizyè ane, tandiske pou lòt yo, se yon nouvo etap nan yon pakou akademik ki mande kouraj, pasyans ak anpil sakrifis. Prezans yo nan konkou sa a montre enpòtans edikasyon siperyè genyen nan pwojè lavi yo, sitou nan yon kontèks kote jwenn aksè ak inivèsite rete yon gwo defi pou anpil jèn.

Dèyè chak kandida genyen yon istwa, efò ak espwa pou yon demen miyò. Aprè yo fin konpoze, jèn yo ap tann rezilta yo avèk anpil enpasyans, nan espwa pou yo jwenn opòtinite pou yo antre nan youn nan twa fakilte yo. Pou anpil nan yo, reyisit nan konkou sa a kapab reprezante yon gwo pa nan reyalizasyon rèv yo, pandan l ap louvri pòt pou fòmasyon pwofesyonèl ak pi bon opòtinite pou lavni.

Share:

Leave a reply