Kameroun : 2 frè arive detere zosman yon kouzen yo pou fabwike dwòg

Yawonnde, Kameroun_____(TRiboLAND) 2 frè arive detere zosman pwòp kouzen yo pou vann ak trafikan kap fabwike yon dwòg ki rele “kayou”, yon sibstans ki tèt koupe avèk krak, dapwè yon piblikasyon Gendamerie nationale du Cameroun arive mete deyò sou yon demantèlman yon gwo rezo trafik zosman moun kap opere nan Yawonnde.
Koze a te pran lari nan katye Ngouso, kote ke jandam Première Région yo te arete yon mesye yo te jwen nan men li yon sak ki te genyen zo mò nan moman li t’ap pwese vann yo ak yon trafikan ki te leve kouri. Lè yo t’ap kesyone mesye a, li te fè konnen ke zosman yo se rès kouzen li ki te mouri, sa genyen 2 lane; konsa, zak la arive fèt avèk konplisite yon frè li, nan yon vilaj ki lokalize 8 kilomèt de yon zònn ki rele Pitoa, nan rejyon Nò peyi a.
Selon chèf Biwo Rechèch jidisyè Première Région polisye a, lyetnan Claude Mboutou Abessolo, sispèk la te deja vann yon pati siperyè eskelèt nan zònn Gawoua pou 3 milyon FCFA. Ofisye a rabat pou li di ke moun kap itilize zosman sila yo devlope yon bagay ki rele “kayou”, li tankou yon wòch, gram li koute 5,000 FCFA.
Nan moman an, 2 frè sispèk yo ap genyen pou pwezante nan Gran Tribinal Benoué nan Gawou pandan ankèt yo ap kontinye vanse dèyè rezo trafikan malfektè yo.






