Ministè agrikilti finanse yon pwojè pou Association des pêcheurs de Fond Fabre de Petit-Goâve

10 – 14 – 2026
Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Prezidan Association des pêcheurs de Fond Fabre de Petit-Goâve (APFPG), François Francis, nan interview li kò medyatik la jodi mèkredi 14 Oktòb 2026 lan, li anonse ministè Agrikilti ak Resous Natirèl finanse yon pwojè pèch pou asosyasyon an, nan lide pou amelyore kondisyon lavi pechè yo nan Tigwav.
Selon prezidan APFPG a, pwojè sila a jwen sipò Bank Mondyal atravè ministè Agrikilti ak Resous Natirèl pou yon montan 86 mil dola ameriken. Li presize nan 86 mil dola a, leta ayisyen pran 6 mil pou taks, 65 mil pou achte materyèl, tankou bato, motè, ak materyèl pèch; pandan li di lòt 15 mil dola amriken an, pral depoze sou kont asosyasyon an, yon fason pou yo konstwi kay pou pechè yo depoze materyèl travay yo.
Toutfwa, Association des pêcheurs de Fond Fabre de Petit-Goâve (APFPG), Francois Francis deklare pwoje sa a, pral pèmèt pechè yo ranfòse kapasite pwodiksyon yon fason pou yo ale pi lwen ak peche pwason an kantite. Li ajoute pwoje sila, pral amelyore kondisyon lavi pechè yo nan komin Tigwav.
Francois pwofite okazyon an, pou denonse diskriminasyon li di k’ap fèt sou pechè yo nan komin nan, kòmkwa pechè yo pa genyen plas yo nan sosyete te a; alòske, pwodwi lanmè ke yo ap lage sou mache a, monte sou gwo tab festen e li bon anpil nan bouch sosyete a.






