Sekretè deta kominikasyon gouvenman Alix Didier Fils Aimé an réalize yon asiz sou kesyon eleksyon nan Grandans.

165
0
Share:
TRiboLAND

09 – 04 – 2026

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad pwojè vilgarizasyon, enplikasyon ak aplikasyon gran kò leta a nan Grandans nan kesyon dekrè elektoral 2026 lan, sekretè deta kominikasyon gouvenman Fils Aimé a, Lucien Jura realize yon asiz nan Jeremi ak prezans otorite etatik yo, manm kolektivite teritoryal la, nan objektif pou fè avanse posesis elektoral lan atravè katòz depatman Grandans lan.

Diferan chèf sèvis piblik ak majistra, kazèk, asèk tout plimay ak delege vil ki te patisipe nan bwase lide yo, fè plizyè rekòmandasyon ak pwopozisyon konsènan sak dwe fèt pou avansman posesis elektoral la yon fason pi efikas ak yon laj patisipasyon demokratik.

Antouka, sekretè deta kominikasyon an, Lucien Jura bay garanti tout doleans yo pwal jwenn manm konsèy elektoral pwovizwa yo ak gouvenman Fils Aimé a, nan enterè peyi a.

Nap raple, Lucien Jura pa yon novis nan baskou politik la nan peyi Dayiti; se youn nan figi ki ta kosyone yon seri vye demach politik sou yon seri gouvènman ki trennen peyi a salte ke li ye jounen jodi.

Share:

Leave a reply