Gwo katchouboumbe ant ajan FRG avèk gang Kraze Baryè nan Taba : 3 sansal pèdi lavi yo

TRiboLAND.com
Fòs pou konbat gang yo (FRG) nan peyi Dayiti anonse ke youn nan patwouy sekirite òganizasyon an te anba gwo tonton atak nan moman yon operasyon nan komin Taba, jounen mèkredi 22 jiyè 2026 la.
Responsab to rapouswiv ak anons la, kote ke yo fè konprann ke se nèg ame sangwen kap feraye anba kouvèti gang Kraze Baryè ki atake ajan lòd FRG yo. Rezistans lan pat pran chè nan echanj kout zam yo tou pre yon pòs kontwòl ilegal; alòske genyen 3 malendren gang ki pèdi lavi yo nan atak la.
Selon kominike FRG a, yo pa anrejistre oken domaj nan kan yo, ni nan kan sivil nan moman katchou boumbe a. Antouka, otorite FRG yo pwofite reyitere volonte ak detèminasyon yo, ki pa lòt bagay ki se eradike mouvman gang lan anndan peyi Dayiti.






