Operasyon tranble janm nan Pòtopwens : yon chèf gang sangwen blese grav e 5 zam manman penba arive sezi

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon operasyon tranble janm ke Lapolis Nasyonal Dayiti ak tout task force la fè maten vandredi 5 jen 2026 la nan Pòtopwens, yon chèf gang sangwen arive blese gravman grav alòske plizyè zam dezagreman arive konfiske, san konte yon machin ak 2 telefòm pòtab.
Operasyon sila ki fèt douvanjou nan antre Wharf Jérémie an, tou pre Site Solèy, pat menm gentan bay bandi yo chans pou chape poul yo, sinon ke riposte pandan ke yo te anndan yon machin. Rezistans lan pat pran tan ditou, alòske boukantaj kout zam ant bandi yo ak fòs lòd yo, okazyone yon blese gravman grav.
Chèf gang sangwen kap simen deblozaj nan Dèlma 4 ak 6, trouve li pami bandi yo e li blese gravman grav, selon yon sous polisyè.






