6.5 milyon goud debloke pou egzekite yon pwojè gabyon nan rivyè Gran Ravin Santra nan komin Grangwav.

06 – 04 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Majistra enterimè meri Grangwav la, Joseph Jean Pierre Salam, nan yon interview li akòde laprès jodi jedi 04 jen 2026 la, anonse ministè enteryè ak kolektivite tèritoryal, debloke 6.5 milyon goud pou egzekite yon pwojè gabyon nan Santra Gran Ravin Grangwav.
Majistra enterimè a, deklare finansman sa a, se yo bon pa nan efò k’ap fèt pou konbat ewozyon ak diminye ris inondasyon nan divès zòn nan komin Grangwav; sepandan, li fè konnen lajan leta santral debloke a, pap kapab reyalize ansanm pwojè yo prevwa egzekite nan komin nan.
Nan sans sa a, nouvo ajan egzekitif egzekitif enterimè meri Grangwav la, Joseph Jean Pierre Salam esplike ekip la ap kontinye chèche lòt sous finansman nan men kèk patnè entènasyonal pou konplete pwojè yo.
Nan sa ki genyen pou wè avèk pwojè gabyon an, majistra Salam konsidere li kòm priyorite nan kad pwoteksyon popilasyon an, patikilyèman pou peryòd sezon siklonik yo.






