Òganizasyon Festi Drapo Dansa Lonm 1èm seksyon Gicha reyalize yon gwo aktivite avan fèt drapo a.

168
0
Share:
TRiboLAND

05/17/2026

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Komite ki òganize Festi Drapo nan lokalite Dansa Lonm, 1è seksyon Gicha nan komin Senlwidinò, òganize yon seri aktivite joudi dimanch 17 me 2026 la. Aktivite sila yo akse sou komemorasyon 223èm lane kreyasyon drapo nasyonal la, yon mouvman ki pou reveye memwa pwatik ak distraksyon ansyen esklav yo.

Listwa rapòte se nan rejyon sila esklav yo te toujou al danse djawèton ak kwaze le uit chak samdi pou leve dimanch. Se konsa, inisyativ dezyèm edisyon Festi Drapo nan Dansa Lonm, antre nan kad onore ak prezève eritaj sakre zansèt yo atravè mizik ak dans.

Plizyè pèsonalite nan direksyon depatmantal ak distri eskolè nan komin Senlwidinò te reponn prezan nan sikonstans lan. Yo te mete aksan sou similarite ant istwa ansyen zansèt yo ak nouvo tradiksyon jounen jodia.

Share:

Leave a reply