Nòdwès : Lapolis arete yon prezime manm gang “Viv Ansanm” ki t ap simen laperèz nan Pòdpè

05/08/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Direksyon Depatmantal Polis Nòdwès la prezante bay laprès, jodi jedi 7 me 2026 la, Jeff Monestime, yon jèn gason ki gen 24 lane, Lapolis te entèpele depi 24 avril ki sot pase a sou chan avyasyon vil Pòdpè. Daprè enfòmasyon Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) la te resevwa, plizyè plent te depoze kont li pou zak menas sou fanmi li ansanm ak lòt manm nan popilasyon an. Pòt Pawòl PNH la nan Nòdwès fè konnen Jeff Monestime ta gen koneksyon ak gang “Viv Ansanm” k ap simen laterè nan peyi a.
Selon Lapolis, Jeff Monestime se ta yon prezime manm gang ki soti nan zòn Site Maxo nan vil Pòdpè. Aprè vag operasyon PNH t ap mennen kont gwoup ame yo nan vil la, li te oblije kite zòn nan pou al kache Gonayiv, anvan li rive antre Pòtoprens. Men, depi li te retounen Pòdpè, otorite yo di li te rekòmanse egzèse presyon sou popilasyon an. Pami akizasyon ki peze sou do li, genyen zak menas, asosyasyon malfektè, tantativ ensandi avèk kòmansman egzekisyon, epi menm akizasyon kòmkwa li te mete dife sou kay pwòp fanmi li.
Lapolis fè konnen yo idantifye sou kò sispèk la plizyè tatouraj ki ta gen rapò ak gang “Viv Ansanm” nan, espesyalman referans ak baz Kanaran ki sou kontwòl chèf gang Jeff Kanaran. Pou kounye a, Jeff Monestime anba gadavi nan lokal SDPJ Nòdwès la kote ankèt yo ap kontinye avan dosye a rive nan men otorite jidisyè yo pou swivi legal nesesè yo.






