Dèy nan sèktè edikatif la nan komin Mafran.

05 – 04 – 2026
Mafran – Ayiti_____(TRiboLAND) Kominote mafrankwaz lan, pou yon ènyèm fwa pèdi yon anseyan nòmalien, Guerson Joseph, pwofesè karyè ki fòme anpil jènn gason ak jènn fanm, yon fason pou boujon espwa kontinye mete edikasyon an valè nan peyi Dayiti.
Guerson Joseph, pat sèlman anseyan ki bay pitit peyizan yo pen lenstriksyon, se te yon ansyen majistra kominal pou komin Mafran, men ki te soti nan estrikti politik Òganizasyon Pèp kap Lite (OPL).
Pandan vivan li, defen an te toujou rete soude ak ideoloji politik li. Lanmò pwofésè Guerson Joseph, se yon kou zanzatann ki lage anpil moun nan konstènasyon, patikilyèman kòdinasyon depatmantal SUDD-BALAI nan Grandans. Ke nanm li repoze nan laglwà etènèl, e ke fanmiy ak zanmi afekte yo, jwen konfo nan pye Gran Mèt la!






