SCONOR lanse nan Pòdpè, Yon nouvo espwa pou finansman ak devlopman lokal

05/01/2026
Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Société Coopérative d’Épargne et de Crédit du Nord-Ouest (SCONOR) lanse ofisyèlman jodi vandredi 1e me 2026 la nan Pak Detante, ki chita lòtbò Twarivyè, nan prezans plizyè dizèn sitwayen, responsab enstitisyon finansye ak otorite lokal tankou Majistra Ralph Moreau. Aktivite lansman sa a make yon etap enpòtan nan ranfòsman aksè ak sèvis finansye nan depatman Nòdwès la.
Nouvo koperativ sa a, ki gen biwo li nan Ri Benito Sylvain nan Pòdpè, vini ak objektif pou fasilite popilasyon an jwenn kredi pandan y ap ankouraje ekonomi pèsonèl. SCONOR vize sipòte moun ki vle lanse oswa agrandi biznis yo, sitou nan yon kontèks kote aksè ak finansman rete yon gwo defi pou anpil antreprenè nan zòn nan.
Enstitisyon an ap fonksyone anba direksyon yon konsèy administrasyon ki gen 13 manm, avèk Ronald Labranche kòm prezidan. Depi premye jou lansman an, plizyè dizèn moun deja louvri kanè epay yo, sa ki montre enterè ak konfyans popilasyon an nan inisyativ sa a. Responsab yo fè konnen ak fyète : “SCONOR se kès an nou”, yon mesaj ki mete aksan sou enpòtans patisipasyon kominotè nan devlopman ekonomik lokal la.






