Plizyè sitwayen nan Pò Latiwoli kritike otorite yo ki voye flè nan amelyorasyon kondisyon vwayaj maritime yo.

135
0
Share:
TRiboLAND

04/08/2026

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès mèkredi 08 Avril 2026 la, plizyè sitwayen kap evolye nan domèn maritim nan komin Latòti ak Senlwidinò, kritike konpòtman otorite yo ki pa fè anyen pou amelyore kondisyon vwayaj yo epi rekonstwi waf la pou anpeche yo pote moun sou do ak bay sèvis pou remanbre ou rann sektè a pi efikas. sektè maritim nan kapab pi efikas nan komin nan.

Yon lòt kote, maren yo fè konnen ke sèvis SEMANA yo reyèlman neglije epi kondisyon vwayaj yo pa reglemante; yon sitiyasyon ki esplike vilnerabilite tout moun kap frekante lanmè dlo sale a, sou zile Latòti ak Senlwidinò.

Kidonk, maren dlo sale yo, mande responsab Sèvis Maritim ak Navigasyon (SEMANA) pou repanse bagay yo yon lòt fason. Yo egzòte yo pran bonjan dispozitif pou asire sekirite tout moun kap itilize sèvis kabotaj atravè peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply