Kowalisyon pou sove komin Tigwav, denonse desizyon gouvènman Alix Didier Fils Aimé a pran pou moute pri gaz la sou mache nasyonal la.

04 – 08 – 2026
Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Kowalisyon pou sove komin Tigwav, nan yon konferans pou lapwès devan tribinal sivil premyè enstans jiridiksyon Tigwav la, madi 07 avril 2026 lan.
Selon responsab kowalisyon an, objektif konferans lan, se pou denonse desizyon gouvènman Alix Didier Fils Aimé pran pou moute pri pwodwi petwolye a sou mache nasyonal la.
Militan politik yo ki deklare gaz la, se yon pwodwi transvèsal, depi li moute, otomatikman tout sa moun manje ap moute sou mache Nasyonal la. Yo kritike pouvwa santral la, yo di ki chwazi ogmante pri gaz la nan yon moman pèp ayjsyen an, nan yon ensekirite tèt chaje, grangou mizè tout kalite.
Kowalisyon ki kwè gouvènman genyen twòp bagay pou l fè : tankou rezoud pwoblèm ensekirite a epi reyalize eleksyon yo pou dote peyi a, yon prezidan lejitim olye yo pran plezi yo nan moute pri gaz la nan kò popilasyon an.






