Jounen Vandredi 27 mas 2026 lan Jeremi konnen yon ogmantasyon pri gaz.

139
0
Share:
TRiboLAND

03 – 28 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND ) Pou jounen Vandredi 27 mas 2026 lan, Jeremi konnen yon Jounen nan ogmantasyon pri kabiran an sou mache lokal la; alòske pa genyen okenn kominikasyon ofisyèl ki soti nan nivo gouvènman an.

Ogmantasyon gaz sila a sou mache lokal lan, komanse kreye anpil kè sote fas ak chète lavi a ki deja ap moute balkon. Ogmantasyon yo pwal plis afekte pwodwi moun ap konsome, kous tasksi, e menm lopital pwal nan kondisyon pou pa fonksyone ditou.

Fas ak kantite moun kap boske kaz nan galon pou sere lakay yo, yon otorite konsène yo mete fwen nan oporesyon bote gazolinn sa a ,ki kapab mete dife nan kay moun ap viv, Jan sa konn abitye fèt lè genyen jan de pwoblèm sa yo nan sosyete a, Fok nou fè remake machann gaz yo pwan desizyon pou vann galon gazolinn lan mil goud se ak enfòmasyon ki i ta fe kwè gouvènman an Alix Didier Fils-Aimé an pwal monte gaz la ,sou mache nasyonal lan.

Share:

Leave a reply