Gwo tensyon nan vil Tigwav: kawoutywou boule nan tout kwen vil la.

157
0
Share:
TRiboLAND

03 – 24 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Gwo van tensyon soufle nan vil Tigwav, kote kawoutywou tap boule nan tout 4 kwen vil la, soti nan lannwit dimanch 22 pou louvri lendi 23 mas 2026 lan; aloske, pèsòn sektè pa reklame mouvman boule kawoutywou sila a.

Nap fè remake, sitiyasyon sa rive nan vil la, se tout swit aprè nominasyon yon nouvo katèl ki pral dirije tèt meri Tigwav. Twa (3) non nouvo moun sa yo ki se Fedner Admirable, Ordonal Louis ak Siclet Johabe Luce Antoine. Yon desizyon ki pran nan konsèy minis yo e ki pap pran anpil tan pou yo bliye li nan jounal monitè peyi a.

An reyaksyon, genyen militan politik Mikerlange Jean Louis ki pa manke mo pou denonse epi kondane endividi yo pa rive idantifye kap boule kawoutywou nan vil la, kote pèsòn sektè pa reklame mouvman sa a.

Selon Mikerlange, malveyan yo kap boule kawoutywou yo, se enterè pèsonèl yo yap defan’n pandan li estime gwo kamyon pwalou yo fin kraze vil la; e mete sou sa, vil la sal tankou penytidan. Li kwè desizyon gouvènman an pran pou nome yon nouvo katèl ki pou dirije meri Tigwav la, se yon bon bagay.

Share:

Leave a reply