Denonsyasyon presyon jounalis sou administratè lopital Notre Dame Tigwav la

03/12/2026
Tigwav, Ayiti_______(TRiboLAND) Administratè lopital Notre Dame Tigwav la, Mesye Monaël Godar, fè yon deklarasyon nan yon entèvansyon li fè nan medya lokal yo, kote li denonse presyon kèk jounalis nan vil la ap manniganse sou li depi kèk tan.
Godar fè konnen gen plizyè jounalis k ap chèche tankou chyen fou avantaj finansye yon fason pou kapab ba li kouvèti medya tik. Konsa, paske li refize antre nan yon lojik parèy avèk yo, yo ap menase li e trete li “kòwonpi” sou tout emisyon radyo tradisyonèl yo ak rezo sosyal yo.
Mesye Godar eksplike ke depi lè bay kanpe lwen pa pwoche sila, l’ap sibi gwo atak ak konplo nan men jounalis sa yo nan vil Tigwav, ki ta ap travay pou fè l tonbe depi li pa bay lajan. Li mande sipò nan men militan politik yo nan zòn nan pou ede l nan efò l’ap fè pou amelyore sèvis sante popilasyon an san konpwomi ak rakèt anba tab.
Nap raple, Mesye Monaël Godar te antre nan pòs administratè lopital Notre Dame Tigwav la, depi 25 avril 2025.






