Meri Jeremi resevwa yon kanyon ponpye ak yon anbilans pou desèvi popilasyon an

01 – 09 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad patenarya ant peyi Kanada ak Ayiti CPSOTA, yon asosyasyon dyaspora ayisyènn lan, peyi Kanada fè meri Jeremi don yon lo materyèl woulan ki genyen yon kamyon ponpye ak yon anbilans pou desèvi sistèm swen dijans vil Jerem an.
Selon enfòmasyon yo, arive genyen kalite lo materyèl sila yo, genyen anpil pou wè avèk efò konseye prezidansyèl Louis Gerald Gilles, minis enteryè ak kolektivite tèritoryal lan, Paul Antoine Bien Aimé ak prezidan komisyon kominal Jeremi an, Onèl Jacinth ki antreprann yon seri demach ki fasilite yon tèl rezilta. Konsa, se adminissyon kominal Jeremi an, kap genyen misyon pou jere materyèl sila yo, e fè sèten nan kreye kondisyon pou fòme teknisyen kalifye pou manevre anbilans lan ak kanyon sèvis ponpye a.
Nap fe remake, enfòmasyon ki konfime ta fè konnen manm asosyasyon dyaspora ayisyènn yo nan peyi Kanada atravè CPSOTA , rive fè Jeremi benefye yon pakèt lo materyèl lan; Yon parèy jès solidarite koute plis ke yon montan twa milyon dola, yon lajan ki soti nan pòch dyaspora aysyènn ki pèmè, kap fè anpil bwàs pou mete aksyon sosyàl an mouvman nan vil Jeremi






