Kòripsyon san parèy : Kèk manm KPT sanvègòyn, ta reklame yon gwo magogo lajan kòm kondisyon pou depa yo avan 7 fevriye 2026

322
0
Share:
TRiboLAND

Enel Richard

Nan sa ki genyen pou wè avèk yon evantyèl “prime de départ” 500,000 et 600, 000 ki se yon kondisyon obligatwa pou manm sangwen KPT yo ta lage pye yo aprè 7 fevriye, ta sanble soulve anpil kriti bouch pa gou.

Nan yon entèvansyon medyatik, alatèt RNDDH la, Pierre Espérance fè, ki pa genyen lontan, otorite kap defann dwa moun nan peyi Dayiti a, fè eta menas kèk manm KPT ap manniganse pou reklame yon gro magogo lajan ki kondisyone yo lage pye yo aprè 7 fevriye 2026.

Kidonk, bagay salte ou kòripsyon santifò sila, leve plim sou do yon latriye kritik nan mitan popilasyon an. Pou anpil moun, gagòt sa rive lwen e li depase awogans enpostè kòwonpi sa yo, ki pa fè lòt bagay ke trennen peyi Dayiti nan plis fatra, idyosi, wont e vòl.

Pou lòt kritik, yo wè yon parèy plan chaje avèk awogans e menm enpètinan. Li montre trè klè, nan ki pwen yon kantite dirijan san sal fè peyi a pase kòm byen manman yo avèk papa yo. E yo menm ale pi lwen, pou mande vit e prese arestasyon de parèy sansi ou malfwa kansè, byen bonè 8 fevriye 2026.

Dega, lòbèy, krim, abi pouvwa, idyosi, gagòt finasye, vyolasyon dwa moun, kòripsyon, akwentans avèk gang, vòl e movèz reprezantasyon prezidans peyi Dayiti ak zak malfetè enpostè yo komèt pandan pasaj yo; tout sa ta dwe egzije ke yo mete entèdiksyon depa ou yon manda entènasyonal dèyè de parèy sanvègòyn, osito ke yo demaske yo nan figi moun, 7 fevriye 2026 pwochen.

Share:

Leave a reply