Chanjman nan nivo biwo elektoral depatmantal Grandans lan.

182
0
Share:
TRiboLAND

12 – 19 – 2025

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Aprè ministè ekonomi ak finans yo te finn pwan desizyon pou mete sou kote tout yon ansanm pèsonèl aparèy elektoral lan nan Grandans akòz yo okipe plizyè pòs nan fonksyon piblik lan, Konsèy Elektoral Pwovizwa a, deside bay pwomosyon ou entegre lòt kad nan sistèm elektoral lan.

Pou depatman Grandans lan, agronòm Bantou Rose Freudemène Evaschena Pierre ki te vis Prezidant, ranplase pwofésè Almay Dorestan ki tonbe anba sanksyon ministè ekonomi ak finans lan, mèt Antime Bien-Aimé ki te sekretè trezorye vinn otomatikman vis Prezidan. Konsa, KEP la, te oblije ale nan baz done li e fè chwa doktè Désiré Jean Farly aprè prestasyon sèman li konseye Partrick Saint Hilaire e enstale li kòm sekretè trezorye biwo elektoral depatmantal Grandans lan.

Dwayen tribinal sivil premye enstans Jiridiksyon Jeremi an, mèt Jean Michelet Seide, prezidan tribinal ki te pwan syèj nan prestasyon sèman an, ak tout komisè gouvènman an, kòm ministè piblik, ekzòte twa manm biwo elektoral depatmantal Grandans lan, pou rete nan limit lwa ak dekrè lwa elektoral lan, jis pou òganize bonjan eleksyon lib, onèt ak demokratik.

Share:

Leave a reply