Kòdonatè gwoup evanjelizasyon entènasyonal la, pastè Clodèle Saint Louis ki te akonpaye yon ekip, realize divès aktivite nan prizon sivil ak komisarya Jeremi an.

281
0
Share:
TRiboLAND

12- 06 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan aksyon imanitè gwoup evanjelizasyon entènasyonal la ap poze, pastè Clodèle Saint Louis ki te akonpanye diferan manm kòdinasyon jounen samedi 6 desanm 2025 lan, te demare pwogram pwòpte prizon sivil ak komisarya santwal Jeremi an.

Seri aktivite imanitè sila yo, pa sèlman antre nan kad pwòpte selil pou yo domi ak espas kote prizonye fè bezwen yo, men gwo sòlòkòtò sila te fasilite distribisyon kit ijenik, bib, pla cho ak lòt akonpayeman ki montre prizonye yo ke yo se moun tankou tout moun. Malgre yo nan prizon, men sa pa vle di ke yo pap kapab retounen entegre sosyete an.

Responsab prizon an, enspektè divizyonè Milien Obès, bòkote pa li felisite kodonatè gwoup evanjelizasyon entènasyonal lan, pastè Clodèle Saint Louis ak ekip li pou sipò sou diferan fòm; kote yo arive bay anviwon senk san prizonye nan prizon sivil Jeremi an kichòy.

Share:

Leave a reply