Pou make jounen entènasyonal moun andikape yo nan Grandans, kodonatè depatmantal la òganize yon latriye aktivite.

12- 03- 2025
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan okazyon jounen twa Desanm 2025 lan, sou tèm (Ansanm ak moun andikape yo, nap travay pou tabli yon sosyete san fòs kote ak plis pwogrè), kòdonatè depatmantal la pwofesè Genald Modeste ak patisipasyon divès estrikti òganize pou moun andikape yo, te òganize divès aktivite pou make yon parèy jounen.
Pou te rann posib ansanm aktivite yo, Antrèd Protestan Swis ( EPER) ki se yon òganizasyon non gouvènmantal ki genyen nan tèt li, agronòm Phanord Widal, te pote asistans teknik ak ekonomik jis pou te rann sinifikatif jounen entènasyonal moun andikape yo nan Grandans.
Daprè Kòdonatè Genald Modeste, apa sipò sekretè deta Genald Joseph, asistans diferan patenè lokal tankou ( EPER) te trè sinifikatif anpil. Anpil bwavo ak lakontantman tap bat pou anpil delege ou manm òganizasyon yo ki te fe deplasman, yon fason pou te vinn patisipe nan jounen an ki te fini san okenn ensidan.






