BSAP anvlime kolè popilasyon an nan Twou Dinò : rezidans Wilner Moise boule ra pye tè

250
0
Share:
TRiboLAND

Twou Dinò, Ayit______(TRiboLAND) Kò BSAP la pa arive dijere nan jou sila yo sou lestomak popilasyon ayisyèn nan ki kòmanse lonje dwàt jouda sou konpòtman kriminèl ajan BSAP yo atravè peyi Dayiti. Konsa, dènye aksyon kriminèl ki pase nan Twou Dinò ak Lenbe yo, endinye popilasyon an.

Yon deblosaj deklentche ant rezidan ak kò kriminèl la ki pa sispann antre sovajman nan yon seri dispit sivil, kote yo rejanbe wòl yo ak atribisyon yo ki se pwoteje anviwonnman an. Yo akize kò BSAP la, kòm yon antite enkontwolab, ki kòmanse ap mete dlo nan je popilasyon an nan diferan rejyon anndan peyi a.

Yon foul moun nan Twou Dinò ki te ankolè, pat pran tan pou te eksprime endinyasyon yo fas ak abi ajan BSAP yo te komèt, e ki touye 2 moun nan rejyon an. Konsa, yo te pran direksyon lakay youn nan lidè ki pi cho devan bann nan, Wilner Moise, ki se konseye BSAP nan nivo nasyonal, frè defen prezidan Jovenel Moise. Yo repwoche konpòtman li kòm yon toupwisan ak Loujanboje nankò kraze zo a; konsa, se avèk anpil kolè ke yo ensandye ra pye tè rezidans li nan Twou Dinò. Enfòmasyon yo ta vle fè kwè, se bon pye Wilner Moise, ki fè li pat gentan enskri nan pwogram “Bwa Kale” a!

Antouka, zak vyolans ke BSAP ap egzèse nan diferan rejyon atravè peyi Dayiti, anvlime dezakò ak santiman mefyans ou degoutans kont yon kò ki pèdi patiraj e ki transfòme tèt koupe ak yon machin represyon kap egzekite popilasyon ayisyèn nan.

Nap raple, sa pa genyen lontan depi ke yon group sanginè ki pote non “Leyopa”, kap fonksyone anba kouvèti BSAP, te komèt yon masak sou plizyè sitwayen, aprè yon match foutbòl nan vil Pòdpè. Malgre sa, responsab lapolis depatmantal la, pan pran yon seri dispozitif klè pou pouswiv ak mete dèyè bawo responsab group paralèl kriminèl sila.

Share:

Leave a reply