Vil Pòdpè kriye depa Tant Elina

371
0
Share:
TRiboLAND

10/25/2025

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Vil Pòdpè an tristès jodi samdi 25 oktòb 2025 la yon nyèm fwa ankò, lè li aprann lanmò Tant Elina, yon figi popilè respektab nan Ri Kapwa. Depi plizyè deseni, non li te vin tèlman makonnen ak zòn nan, jouk pon ki mennen nan Demelis la te pote non li ” Pon Elina”

Tant Elina, yon machann manje depi plis pase 40 lane, se te yon fanm travayè, kourajez, ak renmen moun. Anpil moun nan komin nan te konn rele li ak afeksyon “manman vant nou”, paske se li ki te toujou la pou nouri tout moun, rich kou pòv, depi epòk kote yon goud te ka achte yon plat manje cho.

Kay li, ki chita nan ang Ri Kapwa ak Ri Montache, te tounen yon pwen referans nan tout katye Kapwa Lamò a. Yon kote tout moun te konnen ak respèkte, kote bon sant manje te konn leve chak maten ansanm ak bon kè madanm sa a ki te toujou gen yon mo dous pou chak kliyan.

Ale anpè, Tant Elina! Ou kite yon vid, men ou kite tou yon bèl tras nan memwa ak nan kè pèp Pòdpè.

Share:

Leave a reply