Kòdinasyon depatmantal RAMSA nan Grandans plede anfavè lib sikilasyon ti machann yo sou wout nasyonal yo.

366
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Manm kòdinasyon depatmantal Madan Sara yo nan Grandans atravè pòt pawòl li, agronòm Azor Emerson kite akonpaye lòt kòlèg li yo, ki se responsab lojistik lan Mitha Pierre ak konseyè Joceline Joseph , mande ekip ki sou pouvwa a, debloke wout nasyonal nimero sèt la, Jeremi – Okay. Konsa, sa ap kapab fasilite lib sikilasyon ti machann yo ke bandi tout kalite anpeche al chache lavi miyò nan Pòtopwens.

Pou manm kòdinasyon Ransanbleman Madan Sara yo nan Grandans, se lajan ponya ki nan men ti machann detayan yo; yo pwan li nan bank komèsyal yo avèk gro enterè. Responsab RMS yo estime se yon veritab krim òganize ke mafya gro palto ekonomik yo okestre pou rann lavi enposib pou malere.

Share:

Leave a reply