AS Bochan, nouvo chanpyon entèzòn nan Pòdpè

578
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Ekip AS Bochan an make listwa nan foutbòl Nòdwès la, lè li ranpòte 4è edisyon chanpyona entèzòn ki te dewoule nan Pak Kapwa Lamò nan vil Pòdpe, anba òganizasyon lig foutbòl Pòdpè a, ki gen Rock Jouvens Clavel kòm prezidan.

Nan final la, ki te jwe nan yon anbyans chaje ak pasyon, AS Bochan anba gidans antrenè Junel Bricius di Yope, kraze FC Lyon 4 gòl a zewo. Malgre tout estrateji ak efò antrenè Frédéric Wilson, alyas Bibon, ekip Lyon an pat rive chanje figi match la.

Kòm prim, AS Bochan resevwa yon chèk 1 milyon goud, yon sipò ki soti nan chanm komès la, ki gen nan tèt li Jordan Herard Verdule, nan objektif pou ankouraje espò ak soutni jenerasyon jèn yo nan depatman an.

Edisyon 2025 la, ki te pote non Koup Rock Clavaroche, fini avèk siksè, san okenn ensidan. Avèk eslogan “Kite balon woule”, prezidan lig la, Rock Jouvens Clavel, pwomèt pou kontinye travay di pou foutbòl la nan depatman Nòdwès la kontinye pran plas li nan nivo nasyonal la.

Share:

Leave a reply