Komin Jeremi: zòn 9èm seksyon, Fon Wouj Tòbèk, lokalite Kayanwon, yon Jèn gason koute tèt papa l.

345
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi kèk tan krim san parèy yo pa sispann fèt nan divès zòn depatmantal Grandans lan. Pandan kòmansman weekend lan yon jèn gason ki ap viv nan zòn Kayanwon, lokalite 9èm seksyon kominal Jeremi, ki pote non Antoine Kimy arive koupe tèt papa l ki rele Antoine Maxène.

Enfòmasyon TRiboLAND arive rekeyi sou plas fè kwè, prezime kriminèl lan, Antoine Kimy ki nan laj twantèn li, se yon moun tèt pa dwat, ki te toujou ap repete ke li genyen pou koupe tèt papa a, san manke yon venn, akòz viktim lan te toujou ap woule anba chaplèt prezime asasen an, Antoine Kimy, yon ansyen etidyan an medsinn.

Nan kad krim odye sila, nan kominote Kayanwon an, lapolis deja arete prezime kriminèl lan, Antoine Kimy. Lapolis jidisyè te kontinye ap kesyone pwezime koupab la, avan menm yo te defere l nan pakè nan Jeremi. Divès òganizasyon dwa moun kondane krim san parèy sila, e mande otorite jidisyè yo pou pini kòm sa dwa akize a, ki se Antoine Kimy, pitit gason viktim lan Antoine Maxène.

Share:

Leave a reply