Anplwaye ONA Nòdwès yo kanpe travay kont Direktè Jeneral la

357
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Jodi madi 2 septanm 2025 lan, anplwaye Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès (ONA) nan depatman Nòdwès deside antre nan yon mouvman kanpe travay.

Daprè deklarasyon yo, yo akize Direktè Jeneral Ronald Jazil kòm yon moun ki “derespekte” pèsonèl yo nan pwovens yo. Yo mande pou DG a prezante yon eskiz piblik epi respekte nòm administratif yo.

Anplwaye yo soulve tou gwo pwoblèm pwomosyon entèn. Yo fè konnen genyen nan mitan yo ki gen 10, 15 ak 20 lane sèvis san yo pa janm jwenn okenn avansman, pandan gen lòt moun yo konsidere kòm “ti moun ak gwo tit” kap monte rapidman nan echèl administrasyon an.

Moun ki nan mouvman an prevni : si Direktè Jeneral la pa “chanje fizil zepòl”, mobilizasyon an ap pran yon lòt faz nan jou k ap vini yo.

Share:

Leave a reply