Nan komin Leziwa sis pechè ki te al peche zile Lanavaz pa rantre lakay yo

424
0
Share:
TRiboLAND

Leziwa, Ayiti______(TRiboLAND) Selon deklarasyon Kazèk dezyèm seksyon kominal Lèziwa a, Jean Beret , depi kòmansman weekend lan, genyen an total sis pechè ki sòti al peche a bò yon vwalye nan zonn Zile Lanavaz pa rantre lakay yo.

Daprè Kòdonatè Kazèk dezyèm seksyon Beljik, komin Lèziwa a, fanmiy ki alame yo pa konnen ki sen ki danse nan tè SEMANA yo ta dwe rele. Disparisyon pechè tankou Dominique Louis, Renand Louis alyas Jackson, Oviste Setoute, Milfort Chrisnot François Milfort, ak Woosvelt ensi koni, se yon ekip papa ki kite fanmiy yo ap soufwi ak dlo nan je.

Antouka, depèch sou depèch, pou ankouraje otorite lokal yo pou fè bwàs ak chèche pran kontak ap lòt peyi vwazen yo nan kad rechèch. Se konsa, enfòmasyon fen jounen lendi 28 jiyè 2025 lan, ta sijere ke yo ta retouve 6 pechè vivan nan peyi Kiba. Yon enfòmasyon ki kapab mete lajwa nan mitan fanmiy afekte a, si nou ta vle kwè kè medya lokal.

Share:

Leave a reply