Anseyan k ap travay san lèt nominasyon nan Lekòl Nasyonal Bochan, voye di Minis Antoine Augustin, bat chen an, tann mèt li…

518
0
Share:
TRiboLAND

Bochan, Ayiti_____(TRiboLAND) Yo gwoup pwofesè Lekòl k ap travay san lèt nominasyon, nan Lekòl Nasyonal Fondamantal Konplè nan Bochan, depatman Nòdwès peyia, anonse atravè yon rankont ak laprès, jounen lendi 7 jiyè 2025 lan, ke lane akademik eskòlè 2024 – 2025 lan, fini ankò sou yo, ak oken lèt nominasyon.

Pwotestatè yo ki gen plis 10 lane depi y ap bourike nan sal klas yo san lèt nominasyon, pwomèt pou boycott aneskolè 2025 – 2026 lan, sitoutfwa minis Edikasyon Nasyonal la, msye Antoine Augustin, pa ta fè yo jwenn lèt nominasyon yo pandan peryòd vakans sila a.

Pwotestè yo rapouswiv pou di, “yo gen sou do yo yon volim responsabilite answit yo ranpli tout kondisyon ministè a egzije yo pou nominasyon yo. Yo mande pou minis Antoine ba yo vrè rezon ki fè yo pako kapab janm jwenn lèt nominasyon yo.

Li enpòtan pou n raple, Lekól Nasyonal Fondamantal Konplè, nan Bochan, 4e seksyon kominal Pòdpè, depatman Nòdwès, fonde nan lane 2006.
Depi nan fondasyon enstitisyon sila, soti nan direktè, pase pran pwofesè pou rive nan gadyen lekòl la, pa gen youn pami yo ki gen lèt nominasyon.

Share:

Leave a reply