Ministè Edikasyon Nasyonal reponn revandikasyon anseyan yo nan Nòdwès

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Jounen lendi 30 jen 2025 lan, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) fè yon pa enpòtan nan reponn ak amelyore kondisyon anseyan yo. Anseyan ki nan depatman Nòdwès peyi a, resevwa chèk ki kouvri 4 mwa salè yo sou kat debi; yon mezi ki vin soulaje anpil nan mitan kominote edikatè a, apre plizyè mwa revandikasyon ak enkyetid.
Daprè sa Direktè Depatmantal Edikasyon Nòdwès la, François Levoyant fè konnen, distribisyon sa se yon siy klè ki afiche volonte minis edikasyon an genyen pou reponn ak demand lejitim anseyan yo. Li soulinye ke aksyon sila se pa sèlman yon mezi finansye, men li make tou ouvèti yon apwòch dyalòg ak respè pou travay edikatè yo ki se poto mitan devlopman peyi a.
Pandan pwosesis la ap pouvwiv nan BNC pou mete nouvo kat debi yo disponib, otorite yo chwazi bay chèk pou evite plis reta nan moman dewoulman egzamen 9èm AF yo.





