Arestasyon yon kontab reselè teworis “Viv Ansanm” nan lopital Eben-Ezer nan Delma 33

542
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Youn nan pwezime asosye gang ki jwe wòl kontab administratif nan yon enstitisyon sante, Medson Jean Louis jwen arestasyon li nan Delma 33, nan yon lopital Eben-Ezer jounen madi 17 jen 2025 lan, daprè sa responsab DCPJ yo anonse.

Yo kize Jean Louis dèske li itilize pozisyon ke lap jwe kòm kontab administratif nan lopital Eben-Ezer a, nan objektif pou fasilite blanchiman lajan pou asosyasyon teworis “Viv Ansanm” lan. Ajan DCPJ yo, tout swit arestasyon an, te oblije fè desant dèlye lakay annafè earive poze lapat sou yon gwo magogo tchotcho, ki ta tèt koupe ak lajan ilegal san konte lòt materyèl medikal.

Jean Louis, ki koulya mare tankou krab, dèyè bawo lapolis, fè pati yon latriye reselè ki nan konkonbwèt ak yon seri rezo gang ke fòs lòt yo bay chal`e nan dènye jou sila yo.

Share:

Leave a reply