Gro troke kònn ant lapolis ak gang sangwen nan komin Kenskòf : yon teworis al brachat e yon polisye blese

Kenskòf, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon bandi sangwen mouri e yon ajan PNH arive blese nan yon gwo katchouboumbe nan komin Kenskòf yè dimanch 15 jen 2025 la. Selon sa enfo yo fè konnen, te genyen gro twoke kònn kout zam ant 2 pati yo, ki te mete gro laperèz nan rejyon an.
Zòn tankou Platon Fisi ak Gode, kote sangwen “Viv Ansanm” abitye simen laterè, te viv gro boukantay manch long, si nou ta vle kwè majistra komin Kenskòf la, Massillon Jean ki tap depoze sou yon radyo nan kapital la.
Nap raple, sa genyen yon bon bout tan, lapolis nan konplisite ak tout lòt antite kat batay ak teworis, ap mete kichòy nan men teworis san manman yo ki pa sispann mouri youn aprè lòt.






