Lagonav Ensekirite : Yon jèn gason 16 lane resevwa plizyè kout kouto nan yon pwogram “atè plat”

Lagonav, Ayiti____(TRiboLAND) Steeve Thomas, se ti jèn gason 16 lane sa ke plizyè lòt jèn gason asasinen ak plizyè kout kouto nan lannwit dimanch premye jen 2025 lan, nan yon aktivite atè plat nan lokalite Bò Lala, Lagonav.
Enfòmasyon yo fè kwè ke Steeve ki tap bolozo nan yon aktivite atè plat ou tisourit tap tonbe nan yon akwochay ak plizyè agresè nan moman anbyans yayad yo tap pran chè. Gen moun ki ta avanse, se ta rezilta akwochay yo ta genyen pou wè ak jalouzi fanm, yon enfo ki pa verifyàb. Viktim nan pran plizyè kout kouto marasa. Alòske yo te oblije kouri bwit sou kou avèk Steeve nan lopital Wesleyèn.
Sepandan, 2 nan aseyan yo ki tap tante vole gagè, te arive arete anba men lapolis. Nap raple Steeve se pitit Caridade ke majorite moun konnen nan rejyon Bò Lala a; li se yon jèn gason ki trè dosil, daprè sa zenyè ta vle fè konnen.






