Peyi Kenya retire yon gwoup franse e li vire sou Lachin pou yon pwojè wout ki koute 1,3 milya dola.

681
0
Share:
TRiboLAND

Nairobi, Kenya_____(TRiboLAND) Nairobi planifye pou li mete fen nan kontra pou agrandisman yon otowout ki konekte kapital la ak vil Nakuru; kontrak sa a te siyen nan lane 2020 ak yon konsòsyòm ke Vinci SA tap dirije, selon sa kèk medya lokal rapòte apati yon sous ke moun kapap fè kredi nan gouvènman an.

Rezon otorite Kenya yo avanse, se paske pa gen oken avansman nan negosyasyon yo pou chanje kondisyon kontra a, aprè inisyativ gouvènman Kenyan an ki pa vle pran tout risk trafik ki pa sifi pou kont li. Pwojè a ta ka ale nan yon konpayi chinwa, selon sous yo, men yo pa te divilge non konpayi an.

Minis finans Kenyan an te vizite Pekin ak yon delegasyon nan mwa avril la; e genyen yon lòt vizit ki prevwa nan ajanda prezidan William Ruto nan fen mwa sa a.

Share:

Leave a reply