Nan sousi pou valorize agrikilti a ak kreye djòb, Action Aid lanse koukou pou finanse dis meyè pwojè agrikol pou komin Jeremi ak Wozo.

527
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou ankouraje Jenès inivèsitè a patisipe nan kesyon devlopman agrikol depatman Grandans lan, òganizasyon non gouvenmantal Action Aid lanse yon konkou pou dis meyè pwojè ki baze sou devlopman agrikòl.

Pwojè sa yo kap finanse jiska di mil dola ameriken, dwe bay posibilite pou genyen rezilyans, djòb nan komin Jeremi ak Wozo, daprè responsab yo. Agronòm Saintmevil Nicodème, ki se responsab teknik lan ankouraje jenn gason nan tout de komin sila yo enskri e patisipe nan plan dafè a.

Share:

Leave a reply