Digicel yon n’yèm fwa ankò pa gaya; alòske kliyantèl yo pa sispann monte ma swife

253
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Direktè konpayi Digicel la, Jean Philippe Brun, yon lòt fwa ankò anonse yon pètibasyon teknik swit ak yon sispansyon fonksyonabilite rezo a nan rejyin Wout nasyonal # 1 an; yon parèy kontrent mete ajenou tout aksè Entènèt mobil nan yon latriye depatman e paralize divès lòt sèvis tankou entènèt, SMS ak MonCash.

Daprè direktè Brun, dènye pètibasyon sila, genyen anpil pou wè avèk premye malmakak rezo telekominikasyon an te anrejistre pandan deblozaj fib optik yo ki te deja afektè anpil abòne.

Enfòmasyon yo fè konnen ke sispansyon ou malmakak teknik sila yo pa sispann soulve kolè abòne yo, espesyàlman nan zòn riral yo. Ajoute ak sa, pèsònn moun pa arive tande otorite KONATEL yo, ki fè tèt yo parèt kòm konplis, lè yo chwazi pa akonpanye kliyan viktim yo kap monte yon ma swife.

Karans sèvis e eksplàtasyon ou abi minut abòne yo, pèmèt moun arive konprann nan ki pwen Leta peyia enplike nan yon seri konfyolo ak yon seri konpayi tankou Digicel ak Natcom ki ta sanble ap pwofite jwe sou lwa “deriv gouvènans ak kòripsyon” ki danse nan tèt politichyen dirijan yo.

Kidonk, yon n’yèm eskiz radotaj ankò avèk Digicel ki pa kapab delivre e ki malgre tou detèmine pou genyen kontwòl mache a avèk konplisite otorite bwasè anndan peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply