Chanje moun nan fonksyon piblik vil Jeremi a se yon fatalite pou ekip ki sou pouvwa a.

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Sa ki parèt kòm yon fatalite, se fason ekip KPT a ak gouvenman Alix Didier Fils Aimé ap prosede ak chanjman tout lajounen kou lannwit, moun ki nan fonksyon piblik lan. Menn lè lokal pou loje biwo leta yo, ka twonpe soley, men yo paka twonpe lapli.
Se ka biwo depatmantal sèvis imigrasyon ak emigrasyon vil Jeremi an, lokal sila andomaje depi aprè syklònn Matye ak tranbleman tè 14 Dawout 2021 an. Sepandan, Leta koupyon montre se dènye enstitisyon pou yo ta repare.
Mete sou sa, nan biwo a genyen sèlman yon òdinatè pou desèvi depatman Grandans lan ak lòt moun ki souvan soti nan lòt depatman geografik peyi a, vinn pwan sèvis nan Jeremi. Se yon veritab flè san odè sou deyò. Malgre katafal magogo lajan enstitisyon an te fè nan kase ponyèt malere pandan program Biden nan, espas la rete kritik e yon malè pandye ki kapab mete dlo nan je popilasyon an nenpòt ki lè.
Nan sans a, manm popilasyon an mande Louis Gerald Gilles, sispann fè vye deal nan promote sante ekonomik sèlman pou ekip li ekip li. Pi lwen sitwayen yo ankouraje prezime kòriptè manm KPT a, fè pvèv moun debyen antanke pitit Jeremi, fè yon bagay pozitif devan je popilasyon an.






