Mèt Juste Reth se nouvo direktè depatmantal Sevis imigrasyon ak emigrasyon pou depatman Grandans.

246
0
Share:
TRiboLAND

04 – 01 – 2025

Jeremi, Ayiti_______(TRiboLAND) Mèt Juste Reth, enjenyè an enfòmitik, jiris de fòmasyon, se nouvo direktè depatmantal sèvis imigrasyon ak emigrasyon pou depatman Grandans lan, ki ranplase nan pòs sila a, Wilière Jeune, ki transfere nan Santral Pòtopwens.

Selon temwayaj majorite manm nan popilasyon an, ansyen responsab biwo imigrasyon ak emigrasyon an nan Grandans, te fè ķò ilegalman ak sitwayen, sitwayènn kite genyen ijans pou jwenn yon paspò ,pou al nan pwogram Biden lan.

Kesyon anpil moun ap poze, eske transfere Wilière Jeune nan biwo Santwal la nan Pòtopwens pa ta yon pretèks pou yo pa mare l e jige l pou kòb anbatab ke l te pwan nan men kontribyab yo; yon seri magogo ki pa ale direkteman nan kès Leta Ayisyen.

Anpil lòt kesyon egalman soulve sispisyon sou transfè Wilìère la ki ta sanble depreferans ak promosyon pou bon travay li te konn ap delivre atravè kòripsyon ak vye pratik dezonorab ki te genyen anpil pou wè ak kase ponyèt sitwayen pou grese men nèg Pòtopwens. Kidonk, ansye alatèt biwo imigrasyon e emigrasyon Grandans lan, pat konn manje pou kò’l.

Nap swete deriv ou aksyon malonèt ki te konn ap pase nan biwo emigrasyon ak imigrasyon Grandans la, dwe sèvi mèt Juste Reth leson kap kapab ede li delivre bonjan sèvis, transparans pou byennèt enstitisyon an.

Share:

Leave a reply