Projè RD 501 Pòdpè-Ansafolè: Enjenyè Joseph Angelo Horacius klarifye yon latriye nwàj pou lapwès

367
2
Share:
TRiboLAND

11 – 27 – 2024
Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Tankou jan sa te anonse, Direktè depatmantal TPTC Nòdwès la, Enjenyè Joseph Angelo Horacius te reyini jounen mèkredi 27 novanm 2024 la avèk Laprès nan kad tonbe rakonte jan travay konstriksyon wout RD 501 Pòdpè – Ansafolè ap ap vanse.

Menm avan li te rantre nan vrè nannan kesyon konstriksyon an, Mesye Horacius te tou profite envite medya, direktè opinion ak enfliyansè yo, pou yo fwa sa enfliyanse popilasyon an nan direksyon yon konplo pozitif yon fason pou yo pa chita senpleman ap panche kabwèt la inikman sou sa ki negatif yo.

Antouka, nan yon espas chaje ak jounalis tout plimay, nan Ri Dikè nan vil Pòdpè, Enjenyè Joseph Angelo Horacius pat pran tan pou li te enpoze ekspètizm li nan domèn lan ki ta rele’l chèmèt chè mètrès. Konsa, li te demare pou fè tout moun konnen, magogo ki dispoze pou pwojè RD 501 an, pa genyen anyen pou wè avèk Leta ayisyen; se magogo BID li ye. Kidonk, pwojè a demare nan yon kontèks ki trè difisil e avèk minis TPTC ki an fonksyon koulya la, yo detèmine pou vanse tout bon vre ak yon parèy pwojè.

Mesye Horacius pwomèt ke lap eseye fè tout sa ki nesesè pou genbe popilasyon an enfòme e swete wè ke tout moun rete pozitif yon fason pou ale nan bon sans lan. “Pwojè a pa pral demare; men li demare deja”, daprè Enjenyè TPTC a ki te trè presi nan eksplikasyon li yo. Pou li menm, bagay yo ap vanse! Genyen yon avansman ki fèt, kanivo deja fèt e genyen trotwà kap prepare san konte plantasyon ak terasman ki la.

Pou Enjenyè Horacius, se 15 jou lapli fè ap tonbe atravè depatman Nòdwès la ki koz travay faz devyasyon ki demare nan lokalite Dèyè Letan pou ale bout jis Dewoulen an ki bay reta. Sepandan, malgre tout sa, yo kontinye bay tèt yo jiska mwa desanm pou yo arive delivre 2 kilomèt wout kap konsidere reyalizasyon 4,000 mèt lineyè kanivo, 8,000 mèt kare trotwà avèk sufas la kap fèt an bikouch, asfalt tanporè kap dire 2 lane, jiska aplikasyon kouch asphalt nòmal la.

Anfen, yon konvokasyon medyatik ki te fini avèk plizyè kesyon jounalis envite yo e ki te sène egalman yon latriye nwyàj ak rimè ki te merite klarifye sou pwojè RD 501 Pòdpè-Ansafolè a.

Share:

2 comments

  1. Dorvil Jacquelin 4 December, 2024 at 08:08 Reply

    Bonjou PDG Loulou mw profite menm okasyon sa pou mw salye tout ekip Triboland lan pou bon travay yap ofri nan mond lan.
    Mw vrèman enkyè pou relizasyon travay wout pò de pè ans afolè a rezon la ap tonbe preske chak jou kounyeya se ka enpech travay la respekte tan ak dire kontra antouka mw ta swete tout bagay ale byen.

Leave a reply