Ayiti Ensekirite: Zòn Karade riske enfekte avèk gang

314
0
Share:
TRiboLAND

11 – 25 – 2024

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Rezidan ki nan zòn Mayi Gate ak Karade riske enfekte e kontwole menm jan ak lòd tèritwà pèdi yo. Yon apèl lanse yè dimanch swà 24 novanm 2024 la, yon fason pou rezidans yo ranfòse vijilans pandan ke gang sangwen ap taye banda nan kèk kwen nan Taba avèk Pènye ap fè filalang Mayi Gate ap Karade ki lokalize anba zèsèl Vivy Mitchel.

Karade, katye ki toujou anpè, resanti gwo malèz ensekirite nan moman flanbe vyolans yo kap miltipliye tou prè yo. Popilasyon ap fè fas ak gwo laperèz lawouli, kote rezidan yo pa konnen si yo anlè si yo anba. Konsa, yo ta swete wè yon aksyon pwevantiv bò kote responsab fòs sekirite anndan peyi a.

Antouka, anpil tèritwà deja livre bay bandi, abitan yo nan Mayi Gate ak Karade mande konkou prese prese otorite ki pa danse kole ak gang pou pèmèt yo jwen yon ti baliz pandan gang sangwen yo ap pran jarèt e fè laviwonn lokalite a.

Share:

Leave a reply